Tout nèg gen zam (tou nèg gen zam) Tout nèg gen gang (nèg yo gen gang) Tout manch gen bal (omg) Tande son (paw paw paw paw) Dwèt yo frajil (oohweaahh) (on God) Dwèt yo frajil (257) Tout block nan gè (alil alil) Likilik bang bang (Bang bang) (Bang) Kèt, gad sa nèg yo fon peyi Si zam bay pouvwa konn nenpot chef leta ap gon chef gang ki pi wo ke li Yeah m konnen’m ka pa antre chak maten lè’w wè’m kite kabann Lari gentan konn konbyen kob ou pran depi avan’w menm kite labank Gen gè anwo gen gè anba, taux kidnapping lan ogmante Viktim Se fizi’k bay nèg yo manje Menm piti kounya yo danje Nèg pa mache poukò yo mache ak clan E’w ka ap tire sou youn nan bal li pa pran Tout moun gen zam so m ka di lew nan beef pi gwo nèg la se nèg ki rale avan Heyy Nèg yo chaje antèn yo konn kiyès pou swiv Yo konn kilè’w antre yo konn kilew soti So depi yo vle pran’w yo konn kilè’l posib (Map chucote) (n’antrave) Heyy Si’w wè’n tande tire epi’w wè’n pa kouri Se just bri bal pa fè’n pè Paske depi’n tande’l sa vle di’n pa mouri Tout nèg gen zam (tou nèg gen zam) Tout nèg gen gang (nèg yo gen gang) Tout manch gen bal (omg) Tande son (paw paw paw paw) Dwèt yo frajil (oohweaahh) Dwèt yo frajil (257) Tout block nan gè (alil alil) Likilik bang bang (Bang bang) (Bang) Pou’n te pran pouvwa, nou tap kreye bandi, son kounya nou responsab dega yo Lè ghetto pale’w pa tande, yap panse se sèl zam ki ka fè tande vwa yo Si yo kidnapew yap mande’w valè kob ke’w pa janm ko wè nan vi’w pou’w ba yo Men kot leta? Leta? Bon menm leta gen gang pa yo Job politik tounen sal job Plak ofisyel tounen passport Bri bal pran plas claxonne Nèg yo gon chef gang nan chak zone (chak zone) Lè youn fon mò yo kriye viktwa Se pa 2, 3 inosan kap tonbe lè gen 2 gang kap goumen pou teritwa Isit nèg yo nan misyon man Nèg yo fin leve gè anndan ghetto kounya yo paka jere kriz lan man Si yo paka kanpe’l depi kounya pi devan lap pi tris nan men’n Nou di’m pa al jwe, le gon bandi ‘k relem Pa vre? Men eske nap vin chache’m le gon bandi’k leve’m Heinn?