A 25 ans, lavi isit pa fè'm rabè M konn lavi potoprens ak tout pwoblèm ki vin avèl (vin avèl) M te marye ak yon fanm ki te banm yon pitit, fò'm di'n ke Lavi'm chanje Depi le jou'l vin sou latè M pat gon gwo kay, men nou 3'n tap viv ansanm E aprè'n vin divòse, pitit fi'm al viv ak Manman'l (ak manman'l) E a lepok se machine mwen tap repare Pitit fi'm vin gon bòpè akoz manman'l vin remarye Yo demare yon lòt vi ansanm, men'm te toujou la M te toujou la pou pitit fi'm, nenpot sa'm genyen m toujou ba'l Chak fwal vin wè'm, se kè rache Lè poum mennen'l E Nenpòt sa'm fè nan lavi'm, konn se pou li Tèlmanm renmen'l Tout Pòt mèt fèmen pou mwen, depi'l jwenn Pòt ouvri M pap nwi domi nan fredi depil ka jwenn laine poul kouvri Pitit fi'm pap konn mizè mwen (jamais) M pap nwi mache pye atè, ak yon sèl rad, depi'm bal tout rad li bezwen Map sal kò'm, pou kò pal ret pwòp Poch mwen vid,pou poch pal gen kòb Ou wè Poum konble'l map Fè tout kalte job Satisfaksyon'm se lè mwen wè'l souri Pitit fim sa se lavi'm, E pa gen anyenm pap fè pou li Pou ou lanfè pa anyen Sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen... Pou ou lanmò pa anyen Mwen prè pou'm bay vi mwen Mwen koupaaaaaaabb Yon bon maten mal travay, yo revoke'm pou twòp kredi Men'm pat regrèt koz tout kob mwen se nan li'm te envesti M vin gon 2eme job, son ti job sekirite, paske'm te gon lajan lekol m'tap konplete pou'l te enskri Tet mwen cho, pou jan dèt sa te toumante'm Ou konn paran, n'te mèt pa manje, depi pitit nou konble Telephone mwen vin sonnen, e lè'm gade'm wè non'l monte m'di ma fille cherie comment vas tu? si'w konn kijan'w manke'm Li di'm: ahh papi vin dèyè'm, m pap ret la ankò M santi'm imilye, m pèdi tout pudeur ki te nan kò'm M di saw genyen? Ou pa alèz? Li di men non bòpèm ap plede manyen'm chak fwa'l antre la m pa vlel parèt la ankò M di kisa? Li di'm papi vini Tanpri'm pralavè'w Kot manmanw? Li pat tande'm tout lè'm te eseye palavè'l M dil ret kache map vini Li di'm ok men Papi tanpri fè vit paske mwen pè, se mwen ki poukòm la avèl Misye gen pouvwa, lajistis pa tap pran Pa ka'm Kom m t gon job sekirite, sanm pa mande malak yon zam Pa menm ezite, m pral defann pitit fim Ki minè San reflechi mwen pran lari, Direksyon kay yon kriminèl Lè'm rive, m fonse pòt la poum antre Gras à Dieu m rive a tan mwen wè'l kap trennenl devan je'm M dil hey fout lage bra'l! Cherie ekate kò'w Pandan lap kouri vin sou mwen m rale zam mwen m brake m baw Pou ou lanfè pa anyen Sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen Pou ou lanmò pa anyen Mwen prè pou'm bay vi mwen Mwen koupaaaaaaabb Si legitime defense m fè a deranje'n Si se paske'm pat aksepte wè dlo nan je Sim wè lavi'm an jeu, pitit fim an danje, M t prefere tiyon bandi au lieu m t ret gade'l nan je Si fè job nou nan plas nou son gwo mal nan vim Si sove lavi pitit fim lan se yon krim Sim efason nèg ki tabuzel lèl t sèl M garanti'n m pa regrèt, si poum refèt m tap refèl Mwen koupaaaaaaabbbb Ou mèt kondane mwen Eegh, eehh e Pou ou lanfè pa anyen Sèl ou mwen genyen (sèl pitit mwen)