Menm si’w ta wè’m bo kote’w, antre nou gon gran eka Nou pa gen menm vizyon, menm si’w wè’n gen menm rega Nou pap janm ka gen menm fòs, menm siw ta wè’n gen menm bra Nou pa pral menm kote menm si’w ta wè’n fè menm pa Nap chanje koulè, mwen map chanje vi’m Aprè Album sa, Fòm ta Pran repo Lè’m di’m son Rapè n’ tèlman wè’m sal poun ta santi’n alèz fò’m ta Chanje po M konn wè’w pèdi mwen’m pa konn defèt Tout Sak pa tiye’m, Mwen pranl pou leson Nap chachon atis ki reyisi, (Plz Plz plz) pa pranm pou egzanp Mwen’m la pou’m defann (Hip hop) Doub blan te nan menm lè’w tap Mete mi M pran pòz razè’m pou yon mwa depi lè sa’m wè tout sak tavè’m tounen enemi Yo baw yon Italien pou Jezi frè’m, se pou sa’w konfonn M responsab sam di, men’m pap janm responsab sa’w konprann Si gon nèg kap ret pou lavi, e mwen Si gon atis ki merite Glwa, e mwen Bat bravo pou Cesar Bat bravo pou Cesar Tout moun renmen sa map di, paske’m pa dil tankou moun Yo tout renmen jan map viv, poutan’m pap viv tankou youn Mmmmhh Bat bravo pou Cesar Bat bravo pou Cesar Gad jan rap kreyol ap inove Ya remèsye’m pou sa si yo vle Karyèm tonbe lè’m bay pilote’l Goul ret amè nan bouch mwen lè’m bay Siwote’l M chanje katye poum pat Gangster Telman le mond chaje kriyorite (Gunshot) Bon’m tap peton lobey si’m te Gio-K Yo di’m gen bèl dan, m vin pè souri Yo dim rapid, m vin pè kouri Nou nan menm panye m vin fè pouri Si’w menase’m, map tire’w paske’m pè mouri Kounya map mennen men’m pap janm bliye Nou tap bare’m tout lè’m te avè’n Si rap kreyol yon jou te gen mèt Nou mèt kwèm tout elèv te avèg Gen twòp pawol poum ta di Men’m pap konfye’m bay lèzòm M pat janm malere nan lavi’m (Paske’m) sot anndan vant yon tresor Baky Milyonè (Ht Album) siw vle sa Met 2 men’n anlè, epi bat bravo pou Cesar Si gon nèg kap ret pou lavi, e mwen Si gon atis ki merite Glwa, e mwen Bat bravo pou Cesar Bat bravo pou Cesar Tout moun renmen sa map di, paske’m pa dil tankou moun Yo tout renmen jan map viv, poutan’m pap viv tankou youn Mmmmhh Bat bravo pou Cesar Bat bravo pou Cesar