Manman, si lèzòm pa vle baw jistis pou sa yo fè’w subi Fòk la nati detwi Lèzòm Avan lavi’w fini Istwa’w twò tris pou rakonte, yon istwa’m wont ekri Yon istwa’k a 14 ans jan lavi’w te detwi Istwa k komanse sa gen 4 mwa depi’w lè’w te viktim Wap sot lekòl non’w kamyonèt bandi brake sou ou Yo pran’w yalavè’w, yo fin dwoge’w 6 nèg pase sou ou Yo frape’w, vyole w, yo kite’w toutouni Yo kitew sèl, bo lari, yo kite’w pouw mouri Brize Wap priye pou laviw pran fin Menw jwenn kouraj pouw kontinye jiskaske’w vin konnen’w ansent Ou tèlman wont sa moun ka di ou wont di moun A 14 ans ‘w paka paran pask’en fait son timoun kap poton Timoun Laviw depann don komes ki pap fè pwofi So W’ap fè plan pou’w retire’m paske’w pa ganyen’w ka ofrim Petèt sa’w viv yo ka denyè souvni’m 4 mwa nan vant ou, m ta vle viv menw pap kite’m so m bay istwa’n kòm yon dènye soupi Kòm suspann pale depi lè yo manyen li Kijan pou m ba ou lavi, pandan m pa rete nan mwen Oh lanmou ou pap janm ouvè je w isit Se pa sa m ta vle chwazi Mwen renmen w à l’infini Alors, Se dènye jou’m nan vi’w dènye fwa nap Pale Men’w sou vant ou wap woule, ou vle santim Avanm ale Manman, Sim gon denye bagay poum diw, tankou denye kri M tap diw kite’m viv, pa vle istwa’n fini an trajedi M ta vle grandi poum vin ba’w tout sa’w pat genyen Si Lèzòm se tout sa’w rayi, m ta vle vin tout sa’w ta renmen M ta vle la lè’w ap tonbe M vle sèvi’w bra’k pou levew Manman plz, tanpri kite’m viv, kite’m vin edew Ou diw pa vle pou Lèzòm vin fouyem Non’w twou Isiba gen twop mechan, Mond sa pa fèt pou moun tankou’n Petèt non’w lòt vi map bò boke’w Men’w two renmen’m pouw ta kite sou tè kriyèl sa, tè modi sa pou’m ta mete pye’m Tant sèkèy piti, w bzwen plis fòs pou’w pote’l Wap fon mal pou byen, manman’m konnen se pa volonte’w So m padone’w nenpòt saw deside Wal jwenn doktè’k pou retirem nan vant ou tankou son pitit ki pat janm egziste Wap kriye, m santi’m rive bout mwen Nan vant oum te fin jwenn lavi, la’m pral bay dènye souf mwen Tout istwa k kòmanse gen yon jou poul fini Au revwa manman, wa konnen’m te renmen’w à l’infini